Menu Fermer

Makfabrik nou? – Qui sommes-nous?

Fè sikile enfòmasyon, kreye epi anime diskisyon ak kolaborasyon entelektyèl,  Lekti ayisyen se yon platfòm ki la pou kontribiye nan dinamize aktivite pwodiksyon lakonesans nan peyi d Ayiti. Tout piblikasyon ak enfòmasyon li yo  aksesib sou sit entènèt platfòm nan ak sou travèse enfolèt yo.

Lekti Ayisyen se  yon laboratwa ki la pou patisipe nan simaye pwodiksyon lakonesans peyi d’Ayiti : liv, atik, konferans, emisyon, dokimantè, tèz, memwa, kolòk ak lot evènman syantifik konstitiye materyèl travay platfòm nan. Travay Lekti ayisyen reyalize yo reponn ak egzijans li fè tèt li nan difize sou entènèt patrimwàn syantifik ak filozofik peyi d Ayiti kote tout domèn yo gen plas : filozofi, syans sosyal, syans natirèl, kritik literè ak estetik, elatriye.

Soti nan liy batay pou lasyans san baryè, Lekti ayisyen chita sou yon seri valè tankou:

  • Ankouraje bilengwis kreyòl ak franse pou piblikasyon yo;
  • Asire gratwite tout piblikasyon yo;
  • Mete gwo pwojektè sou konenans ayisyen pwodwi;
  • Priyorize yon ekriti ki gen mwens jagon.

Pwojè Lekti ayisyen an pa vize fè lajan, Association pour la Promotion de la science ouverte en Haïti et en Afrique (APSOHA) ak  Réseau des Jeunes Bénévoles des Classiques des Sciences Sociales en Haïti (REJEBECSS-Haiti) se de òganis ki pote li, l’Université de Technologie d’Haïti (UNITECH) se patnè kap kore jarèt li.

***

Plateforme numérique d’informations, de discussions et de collaborations intellectuelles, Lèkti Ayisyen se veut une contribution à la dynamisation de l’activité de production de savoirs en Haïti. Toutes les  publications sont librement accessibles sur le site et à travers les infolettres.

Lèkti Ayisyen nourrit l’ambition de charbonner la vie intellectuelle d’Haïti qui prend corps dans les livres et articles, les conférences, émissions et documentaires, les thèses et mémoires, les colloques et journées d’étude. Elle fait un travail de contribution à la diffusion du patrimoine scientifique et philosophique d’Haïti – à travers toutes les voies du numérique libre – qui inclut tous les champs du savoir, soit la philosophie, les sciences sociales, les sciences naturelles, les critiques littéraires et esthétiques, etc.

Inspirée par les grandes valeurs de la science ouverte juste, Lèkti Ayisyen se fonde sur les principes suivants:

  • Le bilinguisme qui encourage à publier en créole et en français;
  • L’accès libre et gratuit aux publications du site;
  • Combattre l’invisibilité des savoirs produits par des Haïtiens;
  • Prioriser un langage dépourvu de moins de jargon pour une meilleure lisibilité des publications.

Projet à but non lucratif, Lekti Ayisyen est portée par l’Association pour la Promotion de la Science Ouverte en Haïti et en Afrique (APSOHA) et le Réseau des Jeunes Bénévoles des Classiques des Sciences Sociales en Haïti (REJEBECSS-Haïti), et supportée par l’Université de Technologie d’Haïti (UNITECH).